Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
23 avril 2011 6 23 /04 /avril /2011 17:01

 

 

Dezyèm jou (Samdi sen)
Nanm sasèdotal ak relijyez

jodi a, mennen ban mwen nanm sasèdotal ak relijyez yo,plonje yo nan mizerikòd ensondab mwen an. Yo ban mwen fòs pou mwen andire pasyon anmè mwen an, nan yo tankou yon bann kannal, mizerikòd mwen an ap devèse sou tout moun .

Jezi ki plen kè sansib la, nan ou tout sa ki bon sòti mitipliye gras ou yo nan nou , pou nou kapab poze zak ki plen ak mizèrikòd, pou moun k'ap gade nou kapab fè lwanj Bondye papa mizèrikòd la ki nan syèl la.

Sous renmen Bondye a,
rete nan tout kè ki pw
òp,
plonje yo nan lamè mizerik
òd la ,
voye reyon tankou zetwal, klere tankou douvanjou.

Letenèl Papa, voye je mizèrikòd ou a sou group moun ou chwazi sa yo, nanm sasèdotal ak relijyez yo epi konble yo ak fos benediksyon ou lan, epi  akòz santiman ki nan kè pitit ou a yo fèmen kò yo a , ba yo fòs limyè ou la , pou yo kapab gide lòt yo nan chemen sali a pou nou chante ansanm lwanj mizerikòd ensondable ou a pou tout tan. amen (1212-1213)

 

 

Chaplè mizèrikòd Bondye a

 

( resite sou yon chaplè  òdinè)

 

Pou manse :

 

Papa nou ki nan syèl la....., Mari se pou kontan...., Mwen kwè nan Bondye...

 

Sou grenn « papa nou » yo,

 di pawòl sa a yo:

 

V . Letènèl Papa, mwen ofri ou   , san, nanm ak  divinite

pitit  ou renmen anpil la, Jezi -Kri granmèt nou;

R. Pou repare peche nou yo ak peche tout moun ki sou tè a .

 

sou grenn «mari se pou kontan»yo

  di pawòl sa a yo:

V .Pou tout soufrans pasyon li a

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a .

 

 Jezi Mwen gen konfyans nan ou . 

 

O san ak dlo ki  te sòti nan kè Jezi

tankou sous mizèrikòd pou nou,

mwen gen konfyans nan ou .

 

 

Pou fini  di 3 fwa :

V. Bondye ki sen an, Bondye ki fò a , Bondye ki la pou tout tan an

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a

    

 

 

 

imagesm 

 

 Jezi, mwen gen konfyans nan ou

mwen gen anpil krentif akòz fèblès mwen yo

men mwen espere tout bagay paske ou bon.

J.C

Partager cet article
Repost0

commentaires

Présentation

  • : Le blog de foyerhospitalite.over-blog.com
  • : Foyer d'hospitalité: maison de priere et d 'accueil.«Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu Notre Seigneur» Ma vie :aimer accueillir et servir . vieillir dans l'amour voilà ma joie.
  • Contact

Profil

  • foyerhospitalité
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil
«Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil «Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola

Recherche