Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
26 avril 2011 2 26 /04 /avril /2011 20:06

senkyèm jou (mardi de Pâques)
Nanm eretik ak aposta yo .

Jodi a, menmnen ban mwen nanm eretik

ak nanm aposta yo epi plonje yo nan

lanmè mizèrikòd mwen an;

nan pasyon anmè mwen an,yo dechire

kè m ak kò m, sa vle di legliz mwen an.

lè legliz la va tounen fè youn,

 maleng mwen yo geri epi konsa ya

soulaje m nan pasyon m nan.

Jezi ki plen kè sansib ki se

bonte amenm nan,ou pa refize limyè

a bay sa ki mande ou li.

resevwa andedan ke sansib ou nanm

tout frè separe yo epi atire ak limyè ou la

pou legliz la ka fè youn, epi pa kite

yo soti nan kè ki sansib anpil ou a,

men fè yo fè lwanj grandè mizèrikòd ou a.

Menm pou sa ki dechire manto inite ou la,

fè yon sous padon koule.kokenchenn

pouvwa mizerikòd ou a , bondye,

kapab retire menm nanm sa ayo nan erè.

letènèl Papa, voye je mizerikòd ou a

sou nanm frè separe yo sitou sa 

k'ap pèsiste nan èrè yo ,

k'ap gaspiye bonte ouyo abize gras ou yo.

pa gade sou fot yomen renmen pitit ou a

ak tout soufrans pasyon anmè li te 

soufri pou yo a tou,

piske yo menm tou yo fèmen nan kè

ki sansib anpil Jezi a.

fè yo menm tou fè lwanj mizerikòd

san limit ou anpou tout tan .

Amèn. (1218-1219)

 

 

 

Chaplè mizèrikòd Bondye a

 

( resite sou yon chaplè  òdinè)

 

Pou manse :

 

Papa nou ki nan syèl la....., Mari se pou kontan...., Mwen kwè nan Bondye...

 

Sou grenn « papa nou » yo,

 di pawòl sa a yo:

 

V . Letènèl Papa, mwen ofri ou   , san, nanm ak  divinite

pitit  ou renmen anpil la, Jezi -Kri granmèt nou;

R. Pou repare peche nou yo ak peche tout moun ki sou tè a .

 

sou grenn «mari se pou kontan»yo

  di pawòl sa a yo:

V .Pou tout soufrans pasyon li a

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a .

 

 Jezi Mwen gen konfyans nan ou . 

 

O san ak dlo ki  te sòti nan kè Jezi

tankou sous mizèrikòd pou nou,

mwen gen konfyans nan ou .

 

 

Pou fini  di 3 fwa :

 

V. Bondye ki sen an, Bondye ki fò a , Bondye ki la pou tout tan an

 

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a

    

 

 

 

imagesm 

 

 Jezi, mwen gen konfyans nan ou

mwen gen anpil krentif akòz fèblès mwen yo

men mwen espere tout bagay paske ou bon.

J.C

 
Partager cet article
Repost0

commentaires

Présentation

  • : Le blog de foyerhospitalite.over-blog.com
  • : Foyer d'hospitalité: maison de priere et d 'accueil.«Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu Notre Seigneur» Ma vie :aimer accueillir et servir . vieillir dans l'amour voilà ma joie.
  • Contact

Profil

  • foyerhospitalité
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil
«Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil «Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola

Recherche