Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
29 avril 2011 5 29 /04 /avril /2011 13:58

Nevyèm jou (samedi de Pâques)
Nanm frèt

Jodi a mennen ban mwen nanm frèt yo, epi plonje yo nan fon mizerikòd mwen an. se nanm sa a yo ki blese avèk plis doulè kè mwen.Se yon nanm endiferan ki te banm m plis dlo nan je nan jaden oliv la.se poutèt li menm mwen te di:Papa retire devan m gode sa a , si se volonte ou. nanm sa a pi gran planch ki pou sove l se chèche mizerikòd mwen an.

 

Jezi ki plen ke sansib ki konn padone a, mwen fe antre andedan ke ou nanm fret yo, se pou nan dife renmen san melanj ou a,nanm glase yo rechofe, yo sanble ak yon bann kadav ki ba ou anpil degoutans.O jezi ki plen kè sansib,sèvi ak gro pouvwa mizerikòd ou a epi atire yo nan gro dife renmen ou la menm, epi ba yo renmen Bondye, paske ou ka fè tout bagay.

 

dife ak glas pa ka melanje,
swa dife a etenn oubyen glas la fonn.
men mizerikòd ou a, Bondye mwen,

kapab kenbe mize ki pi gro ankò pase sa.

letènèl papa , voye je mizerikòd ou a sou nanm fret yo, ki poutan femen nan kè sansib Jezi a. papa ke sansib, mwen priye ou pou soufrans anmè pasyon pitit ou a epi tou pou agoni 3 zè sou kwa a: pèmet yo menm tou selebre mizerikòd ou a. Amèn... (1228-1229)

 

 


Chaplè mizèrikòd Bondye a

 

( resite sou yon chaplè  òdinè)

 

Pou manse :

 

Papa nou ki nan syèl la....., Mari se pou kontan...., Mwen kwè nan Bondye...

 

Sou grenn « papa nou » yo,

 di pawòl sa a yo:

 

V . Letènèl Papa, mwen ofri ou   , san, nanm ak  divinite

pitit  ou renmen anpil la, Jezi -Kri granmèt nou;

R. Pou repare peche nou yo ak peche tout moun ki sou tè a .

 

sou grenn «mari se pou kontan»yo

  di pawòl sa a yo:

V .Pou tout soufrans pasyon li a

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a .

 

 Jezi Mwen gen konfyans nan ou . 

 

O san ak dlo ki  te sòti nan kè Jezi

tankou sous mizèrikòd pou nou,

mwen gen konfyans nan ou .

 

 

Pou fini  di 3 fwa :

 

V. Bondye ki sen an, Bondye ki fò a , Bondye ki la pou tout tan an

 

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a

    

 

 

imagesm 

 

 Jezi, mwen gen konfyans nan ou

mwen gen anpil krentif akòz fèblès mwen yo

men mwen espere tout bagay paske ou bon.

  J.C 

Partager cet article
Repost0

commentaires

Présentation

  • : Le blog de foyerhospitalite.over-blog.com
  • : Foyer d'hospitalité: maison de priere et d 'accueil.«Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu Notre Seigneur» Ma vie :aimer accueillir et servir . vieillir dans l'amour voilà ma joie.
  • Contact

Profil

  • foyerhospitalité
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil
«Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil «Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola

Recherche