Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
29 avril 2011 5 29 /04 /avril /2011 05:03

ywityèm jou (vendredi de Pâques)
  Nanm ki nan pigatwa yo

Jodi a mennen ban mwen tout nanm ki nan pigatwa yo plonje yo nan fon mizerikòd mwen an, se pou gout san  mwen yo rafrechi boule yo.tout nanm sa a yo chè pou mwen anpil, yo peye envè lajistis mwen a, ou kapab pote anpil soulajamn pou yo. pran nan trezò
 legliz la tout endiljans, epi ofri yo pou nanm sa a yo;o si ou te konnen siplis yo, ou ta ofri tout tan pou yo omon lespri ou, konsa ou ta peye dèt yo nan jistis mwen an.  

jezi ki plen ke sansib ki te di ou menm ou vle mizrerikod, men mwen andedan kè sansib ou a nanm ki nan pigatwa yo-nanm ki chè anpil pou ou yo,men ki dwe rann kont a jistis ou a - se pou gro flo san ak dlo ki te koule soti nen kè ou yo etenn flanm dife pigatwa a, dekwa la tou pou lwanj mizerikòd ou a ka fèt. 

nan dife vif(tèrib) pigatwa a
yon plent leve kont mizerikod ou a,
epi yo jwenn konsolasyon,soulajman ak frechè,
nan toran dlo mele ak san ou lan.

Letènèl Papa, voye je mizerikòd ou a sou nanm ki nan pigatwa ayo, men ki femen andedan kè sansib Jezi a. Mwen prye ou poutet doule pasyon Jezi a, pitit ou, pou tout amètim ki te inonde nanm li a moutre mizerikòd ou apou nanm k'ap tann jistis ou a, gade yo sèlman  a trevè maleng Jezi yo, piti ki chè anpil pou ou a, paske nou kwè ou bon epi tou kè sansib ou san limit.Amèn . (1226-1227)

 

Chaplè mizèrikòd Bondye a

 

( resite sou yon chaplè  òdinè)

 

Pou manse :

 

Papa nou ki nan syèl la....., Mari se pou kontan...., Mwen kwè nan Bondye...

 

Sou grenn « papa nou » yo,

 di pawòl sa a yo:

 

V . Letènèl Papa, mwen ofri ou   , san, nanm ak  divinite

pitit  ou renmen anpil la, Jezi -Kri granmèt nou;

R. Pou repare peche nou yo ak peche tout moun ki sou tè a .

 

sou grenn «mari se pou kontan»yo

  di pawòl sa a yo:

V .Pou tout soufrans pasyon li a

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a .

 

 Jezi Mwen gen konfyans nan ou . 

 

O san ak dlo ki  te sòti nan kè Jezi

tankou sous mizèrikòd pou nou,

mwen gen konfyans nan ou .

 

 

Pou fini  di 3 fwa :

 

V. Bondye ki sen an, Bondye ki fò a , Bondye ki la pou tout tan an

 

R.Pran pitye pou nou ak pou tout moun ki sou tè a

    

 

 

imagesm 

 

 Jezi, mwen gen konfyans nan ou

mwen gen anpil krentif akòz fèblès mwen yo

men mwen espere tout bagay paske ou bon.

  J.C 

Partager cet article
Repost0

commentaires

Présentation

  • : Le blog de foyerhospitalite.over-blog.com
  • : Foyer d'hospitalité: maison de priere et d 'accueil.«Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu Notre Seigneur» Ma vie :aimer accueillir et servir . vieillir dans l'amour voilà ma joie.
  • Contact

Profil

  • foyerhospitalité
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil
«Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola
  • Foyer d 'hospitalité : maison de Prière et d'Accueil «Ma maison ... de prière» Marc 11,17 «Ne rien vouloir et ne rien chercher d'autre, sinon, en toutes choses et par tous les moyens, une plus grande louange et gloire de Dieu» Saint Ignace de Loyola

Recherche